Ayiti an Kreyòl selebre de (2) lane egzistans li dimanch 19 avril 2026 nan Bibliyotèk Michel Tardieu, Petyonvil. Evènman an te rasanble jèn, aktè kiltirèl ak medya pou mete an valè lang kreyòl ak richès kilti ayisyen an.Evènman an te mete aksan sou richès kilti, tradisyon ak lang kreyòl ayisyen an. Li te tou pèmèt piblik la konprann enpòtans pratike lang matènèl la, yon zouti esansyèl pou eksprime tèt li lib nenpòt kote li ye atravè lemond.
Plizyè jèn, aktè kiltirèl ak medya, espesyalman INFO23, te reyini nan yon espas ki antoure ak liv pou make okazyon an. Divès aktivite tankou chan, dans, eslam, jwèt ak konkou pwovèb kreyòl te anime jounen an, kreye yon anbyans kiltirèl rich e amizan.
Nan kad selebrasyon an, jèn konferansye Wilkens Saint Gérard, reprezantan lengwistik kreyòl, te entèvni sou tèm: “Bati yon pi bon demen atravè respè ak lanmou pou lang kreyòl ak kilti nou.” Li te mete aksan sou wòl fondamantal lang kreyòl la nan idantite pèp ayisyen an. Daprè li, li enpòtan pou tout Ayisyen bay lang lan plis valè epi sèvi avè l nan tout domèn, tankou edikasyon, administrasyon ak kominikasyon.
Kwòdonatè Wilson Ariste, nan entèvansyon pa li, te deklare: “Aktivite sa a antre nan objektif pou kontinye pwomouvwa lang kreyòl la epi sansibilize popilasyon an sou enpòtans li.” Li te fè konnen selebrasyon sa a reprezante yon etap enpòtan nan ranfòsman prezans kreyòl la nan sosyete a. Li te tou ankouraje jèn yo pran responsabilite yo pou defann idantite yo, pandan li remèsye tout moun ki te rann evènman an posib.
Selebrasyon an te dewoule nan yon bèl anbyans kote patisipan yo te montre anpil satisfaksyon. Okazyon sa a pa t sèlman pèmèt yo pran plezi, men tou aprann plis sou lang kreyòl la ak richès li.Ayiti an Kreyòl, Kreyòl Ayiti, Nou se Kreyòl.
Marie Sultana Gilot